(844) 544-0663
About Us
Yon Misyon Pèsonèl: Sòti nan Eksperyans Imigran pou Rive nan Emansipasyon
Misyon nou an gen yon sans pèsonèl pwofon. Li fonde pa yon imigran ayisyen ki te fè fas ak anpil defi, sitou nan eksperyans pèsonèl sou kous lavi a, pou eseye rive jwenn Rèv Ameriken an.

Yon Vizyon pou Emansipasyon Total
Vizyon nou pa limite sèlman a swen sante. Li enspire pa yon rèv pi laj pou leve kominote Ayisyen an ak lòt ki defavorize yo, atravè aksè ak opòtinite, devlopman ak solidarite.
- Vizyon H4H se pou wè kominote ayisyen an jwenn aksè ak tout opòtinite esansyèl yo.
- Vizyonè yo se Mari ak Madanm. Nou tou de se desandan Karayib, et nou pataje menm rèv, pou yo elaji efò sa yo nan tout Zile Karayib yo.
- Priyorite nou baze sou domèn sa yo: swen sante, edikasyon, travay, rezo, lojman, nitrisyon, envestisman, ak devlopman pèsonèl.
- Objektif kle nou se sipòte tout kominote ki pa gen ase sèvis, e nou konsantre sitou sou kominote Ayisyen an ki se youn nan gwoup ki defavorize.
- Lasante se fondasyon lavi a, se poutèt sa nou kòmanse travay nou isit la.

Kreye yon Pon pou rann Asirans Sante disponib pou tout Ayisyen
Genyen aksè a swen sante de kalite esansyèl anpil pou byennèt tout moun ak fanmi yo, men anpil moun nan kominote Ayisyen an ap fè fas ak gwo baryè ki anpeche yo jwenn kouvèti sante ki nesesè.
- Men kèk nan obstak kominote Ayisyen an konfronte, sa ki ka fè yo pa ka jwenn swen yo bezwen:
- ◦Diferans langaj, mank enfòmasyon ak limit finansye
- Misyon nou:
- ◦ Ede kominote Ayisyen an jwenn oswa konekte ak resous ki disponib yo e fè klas fòmasyon an Kreyòl
- ◦ Ede kominote Ayisyen an navige sistèm swen sante ki konplèks
- ◦ Ede kominote Ayisyen jwenn kouvèti ki nesesè pou yon lavni pi an sante.

Elaji Aksè pou Sèvis Swen Sante de Kalite
Kit kominote a bezwen Medicaid, asirans sante, Medicare, oswa asirans lavi, nou kwè ke tout moun merite gen aksè ak sèvis e ak sipò ki gen kalite. Nan lavni, nou planifye elaji pwojè nou yo, pou asire ke chak manm kominote ayisyen an gen konesans ak resous pou pwoteje sante ak byennèt yo.
